Pwogram Evalyatè Endepandan New York la konfom ak tout lwa dwa sivil federal ak Eta yo. Pwogram Evalyatè Endepandan New York la pa fè diskriminasyon, eskli, oswa trete pèsonn yon fason diferan sou baz laj, ras, kwayans, koulè, orijin nasyonal, oryantasyon seksyèl, idantite oswa ekspresyon sèks, estati militè, sèks, andikap, karakteristik jenetik predispoze, estati fanmi, eta sivil, oswa estati viktim vyolans domestik.
Pwogram Evalyatè Endepandan New York la pa fè diskriminasyon kont okenn moun ki te opoze ak pratik ki entèdi dapre lwa yo oswa ki te depoze yon plent, temwaye, oswa ki te ede nan nenpòt pwosedi dwa sivil.
Pwogram Evalyatè Endepandan New York la bay èd ak sèvis gratis bay moun ki gen andikap pou yo kominike avèk nou avèk efikasite Sa yo enkli entèprèt lang siy ak enfòmasyon nan gwo karakte oswa lòt fòma.
Pwogram Evalyatè Endepandan New York la ofri sèvis lang gratis bay moun ki gen lang prensipal ki pa Anglè. Sèvis yo gen ladan entèprèt ki kalifye ak enfòmasyon ki ekri nan lòt lang.
Si ou bezwen sèvis sa yo, rele 1-855-222-8350.
Si ou kwè Pwogram Evalyatè Endepandan New York pa bay sèvis sa yo oswa li te fè diskriminasyon kont ou sou nenpòt baz dapre lalwa a, ou kapab pote plent pa telefòn, pa lapòs oswa faks.
Ou ka rele 1-855-222-8350 (TTY: 1-888-329-1541).
Ou kapab voye yon lèt bay lapòs:
New York Medicaid Choice
P.O. Box 5016
New York, NY 10274
Ou kapab faks yon lèt nan: 1-917-228-8899
Ou kapab rele Liy Plent Depatman Sante Deta a tou nan 1-800-206-8125 lendi jiska vandredi, 8:30 am jiska 4:30 pm.
Ou kapab rele Liy Plent Depatman Sante Eta a nan 1-800-206-8125 lendi jiska vandredi, 8:30 am jiska 4:30 pm. Ou kapab depoze yon plent dwa sivil nan U.S. Department of Health and Human Services, Office for Civil Rights (Office for Civil Rights Rights), pa lapòs, telefòn oswa sou entènèt atravè Biwo pou Dwa Sivil Plent Portal nan ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf