Nou pran angajman pou garanti tout itilizatè nou yo yon aksè egal nan sèvis dijital nou yo, san nou pa bliye andikape yo. Nou fè tout efò pou asire ke sit entènèt nou yo, aplikasyon nou yo, ak dokiman dijital nou yo aksesib epi itilizab pou plis kantite moun posib. Angajman sa a ranfòse atravè pratik amelyorasyon kontinyèl ak gouvènans nou yo, ki enkli tès aksè otomatize ak manyèl, odit repete, tès itilizatè ak moun andikape, sik piblikasyon regilye, antretyen lis koreksyon priyoritè, suivi ACR, ak yon apwòch ki baze sou risk pou asire konfòmite ak itilite kontinyèl.
Nou fè efò kontinyèl, rezonab pou nou konfòme nou ak Gid Aksè Kontni Wèb la (WCAG) 2.1 Nivo AA.
Siw gen difikilte pou jwenn aksè nan kontni sou sitwèb sa a, tanpri kontakte nou epi enkli paj wèb la (URL) ak yon deskripsyon pwoblèm nan. Si w rankontre yon dokiman ofisyèl ki pa aksesib, tanpri kontakte nou epi nou pral ede w jwenn yon vèsyon ki aksesib oswa yon lòt fòma.
Tanpri pa enkli okenn enfòmasyon PHI oswa PII.
Imel: digitalaccessibility@maximus.com
Nou pral egzamine demann ou an epi reponn ou osi vit ke posib.
Si w bezwen enfòmasyon oswa sèvis ki bay atravè nenpòt nan pwopriyete dijital nou yo, ki enkli sit entènèt, pòtal, aplikasyon, oswa lòt kontni anliy, oswa si w bezwen yon akomodasyon rezonab pou jwenn aksè nan kontni dijital nou an, tanpri kontakte nou nan itilize imel oswa nimewo telefòn ki nan lis anlè a. Nou pral travay ak ou pou nou ba ou akomodasyon ou mande a yon fason ki garanti aksè egal.
Objektif nou se asire konpatibilite ak teknoloji asistans ki itilize souvan sou anviwònman òdinatè ak mobil. Tès ak evalyasyon aksè nou yo pran an kont konfigirasyon teknoloji asistans ki pi souvan itilize yo. Malgre efò nou fè pou sipòte konfigirasyon teknoloji asistans ki pi itilize yo, aksè kapab varye baze sou tip aparèy la, navigatè a, vèsyon lojisyèl la oswa paramèt itilizatè a. Nou kontinye evalye epi amelyore konpatibilite amezi teknoloji yo ap evolye.
Pou yon pi bon eksperyans, nou rekòmande w itilize dènye vèsyon teknoloji asistans yo, navigatè entènèt yo ak sistèm operasyon yo.
Dènye Mizajou: 7 avril 2026