Pwogram Evalyatè Endepandan New York la (NYIAP)

Pwogram Evalyatè Endepandan New York la (NYIAP) evalye manm New York Medicaid k ap chèche sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè, oswa enskripsyon nan yon plan Managed Long Term Care (Swen Jere Alontèm).   

Sèvis Liy Asistans nou yo

Nou la pou ede w

Apèl telefòn ou enpòtan pou nou. Ou ka atann sèvis kliyan rapid ak koutwa nan men konseye Liy Asistans nou yo. Yo ka ede ou nan nenpòt lang.

Telefòn: 1-855-222-8350 
TTY: 1-888-329-1541

Lendi jiska Vandredi, 8:30 a.m. rive 8 p.m. ak Samdi, 10 a.m. rive 6 p.m. Nou fèmen pandan jou ferye leta yo.

Liy Asistans nou an pral:

  • Eksplike pwosesis evalyasyon an
  • Pran randevou evalyasyon ou nan yon le ki pi bon pou ou
  • Reponn kesyon ou yo sou sèvis nou yo

Nou pa ka tann pou ede ou!

Enfòmasyon pou Depatman Sèvis Sosyal Lokal ak Òganizasyon Swen Kontwole

Depatman Sèvis Sosyal Lokal yo (DSS) ak Òganizasyon Swen Kontwole (Managed Care Organizations , MCO) kapab rele NYIAP pou jwenn plis enfòmasyon sou demann evalyasyon oswa demann jeneral.

Inite  Sipò pou Operasyon NYIAP
Telefòn: 1-855-665-6942 
TTY: 1-888-329-1541 

Lendi jiska vandredi, 8è a.m. rive 7 p.m. 

Samdi, 10 a.m. rive 6 p.m. Nou fèmen sou jou ferye eta yo.