Plan Swen Alontèm Jere (MLTC) yo ede bay sèvis ak sipò alontèm ki baze nan kominotè a(CBLTSS) bay moun ki gen maladi sante kwonik oswa andikap. Sèvis sa yo, tankou sèvis swen pèsonèl (Personal Care Services, PCS) oswa Sèvis Asistans Pèsonèl ki Dirije pa Konsomatè (CDPAS), yo bay atravè plan MLTC yo. Tout plan MLTC yo apwouve pa Depatman Sante Eta New York la.
Moun k ap mande enskripsyon nan yon plan Managed Long Term Care dwe fè yon evalyasyon atravè Pwogram New York Independent Assessor a. Apre evalyasyon an fini, yo pral voye ba ou yon avi ki genyen rezilta yo.
Rele New York Independent Assessor Program nan 1-855-222-8350 (TTY: 1-888-329-1541) pou pwograme yon randevou pou yon evalyasyon.
Klike la a pou w li plis sou plan MLTC yo.