Pou resevwa sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè oswa pou mande pou enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere, ou dwe gen Medicaid. Yon fwa ou gen Medicaid, ou dwe fe yon evalyasyon pou wè si ou kalifye pou sèvis sa yo epi si ou ka mande pou enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere.

Premyèman: Nou programe randevous evalyasyon sante kominote w ak randevou klinik ou

Nou pral fikse yon randevou evalyasyon sante kominotè an pèsòn oswa videyo ak yon randevou klinik nan yon le ki bon pou ou.

Yon randevou evalyasyon sante kominotè an pèsòn ka fèt lakay ou oswa yon lòt kote w ap resevwa sèvis yo, oswa nan yon lopital oswa yon lòt etablisman kote y ap kite w pou retounen nan kominote a.

Nou pral programe yon randevou klinik tou apre randevou evalyasyon sante kominote w la fini ak yon enfimyè evalyatè.

Dezyèmman: Enfimyè evalyatè nou an fè evalyasyon sante kominote w la

Enfimyè evalyatè nou an ap rankontre avè w ou pou diskite sou bezwen swen sante w yo. Ou pral pale sou aktivite ou bezwen èd chak jou. Li pral enpòtan pou w gen dosye medikal nan men doktè w ap wè kounye a. Enfimyè evalyatè a ap bezwen enfòmasyon sa yo.

Twazyèm: Klinisyen nou an ap fè randevou klinik ou a

Medicaid egzije yon klinisyen Pwogram Evalyatè Endepandan New York la pou fè yon egzamen medikal. Klinisyen an ap diskite sou sèvis ou bezwen yo epi si ou kapab kowòdone pwòp swen w oswa si ou ka gen yon moun ki ka kowòdone swen w pou ou. Pandan randevou klinik la, wap rankontre ak yon doktè, enfimyè pratikan, oswa yon asistan doktè.

Katriyèm: Nou fe w konnen rezilta evalyasyon lan

Ou pral resevwa yon avi nan lapòs k ap fe w konnen rezilta evalyasyon an. Si ou ranpli kondisyon pou mande sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pou konsomatè yo, plan w lan oswa Depatman Sèvis Sosyal Lokal  la ap fè aranjman pou sèvis sa yo. Avi a ap di ou tou si ou ranpli kondisyon pou w mande pou enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere.