Jere Swen Alontèm

Plan Swen Alontèm Jere (MLTC) yo ede bay sèvis ak sipò alontèm ki baze nan kominotè a(CBLTSS) bay moun ki gen maladi sante kwonik oswa andikap. Sèvis sa yo, tankou sèvis swen pèsonèl (Personal Care Services, PCS) oswa Sèvis Asistans Pèsonèl ki Dirije pa Konsomatè (CDPAS), yo bay atravè plan MLTC yo. Tout plan MLTC yo apwouve pa Depatman Sante Eta New York la.

Moun k ap mande enskripsyon nan yon plan Managed Long Term Care dwe fè yon evalyasyon atravè Pwogram New York Independent Assessor a. Apre evalyasyon an fini, yo pral voye ba ou yon avi ki genyen rezilta yo.

Rele New York Independent Assessor Program nan 1-855-222-8350 (TTY: 1-888-329-1541) pou pwograme yon randevou pou yon evalyasyon. 

Klike la a pou w li plis sou plan MLTC yo.

Sèvis ak Sipò Kominote Alontèm

Sèvis ak sipò kominote alontèm yo se sèvis medikal ak sèvis non-medikal ki kouvri pa Medicaid pou ede adilt andikape oswa ki malad viv nan tout sekirite lakay yo ak nan kominote yo. Sèvis ak sipò sa yo enkli:

  • Sèvis enfimyè nan kay la
  • Sèvis asistan sante lakay
  • Swen enfimye prive
  • Sèvis swen pèsonèl nan kay la, tankou benyen oswa abiye
  • Swen sante lajounen pou adilt
  • Sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè
  • Terapi nan kay la (patoloji fizik, okipasyonèl, respiratwa ak lapawòl)