Pwogram Evalyatè Endepandan New York la (NYIAP) evalye manm New York Medicaid k ap chèche sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè, oswa enskripsyon nan yon plan Managed Long Term Care (Swen Jere Alontèm).
Sèvis Liy Asistans nou yo
Nou la pou ede w
Apèl telefòn ou enpòtan pou nou. Ou ka atann sèvis kliyan rapid ak koutwa nan men konseye Liy Asistans nou yo. Yo ka ede ou nan nenpòt lang.
Lendi jiska Vandredi, 8:30 a.m. rive 8 p.m. ak Samdi, 10 a.m. rive 6 p.m. Nou fèmen pandan jou ferye leta yo.
Liy Asistans nou an pral:
Eksplike pwosesis evalyasyon an
Pran randevou evalyasyon ou nan yon le ki pi bon pou ou
Reponn kesyon ou yo sou sèvis nou yo
Nou pa ka tann pou ede ou!
Enfòmasyon pou Depatman Sèvis Sosyal Lokal ak Òganizasyon Swen Kontwole
Depatman Sèvis Sosyal Lokal yo (DSS) ak Òganizasyon Swen Kontwole (Managed Care Organizations , MCO) kapab rele NYIAP pou jwenn plis enfòmasyon sou demann evalyasyon oswa demann jeneral.