Konsènan randevou evalyasyon

Yon evalyasyon se yon pwosesis Pwogram Evalyatè Endepandan New York la  itilize pou ede detèmine si ou ranpli kondisyon pou mande sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije konsomatè yo. Li ede detèmine tou si ou ranpli kondisyon pou mande pou enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere. Yon evalyasyon konsiste de yon randevou evalyasyon sante kominotè ak yon randevou klinik.

Yon randevou evalyasyon sante kominotè se yon reyinyon ant ou menm ak yon enfimyè evalè nan Pwogram Evalyatè Endepandan New York la. Enfimyè a ap poze w kesyon sou sante w kounye a ak medikaman w ap pran. Enfimyè a ap mande w sou kapasite w pou w fè travay chak jou, tankou deplasman lakay ou, abiye ak benyen. Enfimyè a ap vle konnen tou si ou bezwen nenpòt ekipman, tankou yon chèz woulant oswa kabann espesyal, epi si ou gen nenpòt sipò nan kay la nan men fanmi oswa zanmi.

Yon randevou klinik se yon egzamen medikal, ki fet apre randevou evalyasyon sante kominote w la, yon klinisyen ki soti nan Pwogram Evalè Endepandan New York la. Klinisyen an, kit se yon doktè, enfimyè ki gen lisans pratikan, oswa asistan doktè, ap mande sou istwa medikal ou ak swen medikal w ap resevwa kounye a. Klinisyen an ap vle konnen ki èd oswa sipò ou bezwen ak swen ou. Si sa nesesè, klinisyen an ap pale ak doktè ou pou l aprann plis sou bezwen swen w yo.

Pou kòmanse

Moun ki gen laj 18 an oswa plis epi ki gen Medicaid, oswa tou de Medicaid ak Medicare, yo ka evalye pou sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè a oswa pou mande pou enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere.

Moun ki pa gen Medicaid ta dwe kontakte Depatman Sèvis Sosyal lokal yo a.

Si w gen Medicaid, oswa tou de Medicare ak Medicaid, rele Pwogram Evalyatè Endepandan New York la pou yon evalyasyon nan 1-855-222-8350 (TTY: 1-888-329-1541). Ou kapab rele lendi jiska vandredi, soti 8:30 am jiska 8:00 pm, oswa Samdi, soti 10:00 am rive 6:00 pm. Nou fèmen pandan jou ferye leta yo.

Kisa pou atann pandan evalyasyon ou an

Pandan randevou evalyasyon sante kominotè w la, w ap rankontre ak yon enfimyè evalyatè. Enfimyè evalyatè a ap poze kesyon pou l aprann sou bezwen swen sante w yo. Apre sa, w ap  gen yon randevou klinik kote w ap  rankontre ak yon klinisyen ki pral poze w keyson sou istwa medikal ou, swen medikal w ap resevwa kounye a, ak ki èd oswa sipò ou bezwen ak swen w lan.

Sa ap ede detèmine si ou ranpli kondisyon pou mande sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè a. Evalyasyon an ede detèmine tou si w ranpli kondisyon pou mande pou enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere.

W ap resevwa yon apèl nan men Pwogram Evalyatè Endepandan New York la anvan randevou evalyasyon an pou konfime dat ak lè ki pwograme a.

Randevou yo ap fèt lakay ou, kay oswa apatman yon manm fanmi oswa zanmi, oswa nan yon etablisman kote w ap resevwa sèvis.

Gen de fason pou w fe randevou w yo. Ou ka chwazi swa pou gen yon randevou an pèson oswa yon vizit videyo.

Yon randevou an pèsòn vle di yon enfimyè evalyatè oswa klinisyen ap rankontre avè w lakay ou, oswa apatman yon manm fanmi oswa zanmi, oswa nan yon etablisman kote w ap resevwa sèvis. Enfimyè a oswa klinisyen an ka wè epi pale avèk ou an pèsòn.

Yon vizit videyo sanble menm jan ak yon randevou an pèsòn, men olye pou yo reyinyon fas a fas, randevou a pral fèt pa videyo. Evalyatè enfimyè a oswa klinisyen ka wè epi pale avè w lè l sèvi avèk yon telefon entelijan, yon tablet, oswa yon laptop.

Si ou vle gen yon vizit videyo, ou dwe gen aksè a yon telefon entelijan, yon tablet, oswa yon laptop ak yon kamera ak koneksyon entènèt Wi-Fi. Si w pa gen aksè a youn nan aparèy sa yo ak Wi-Fi, ou gen tou opsyon pou gen yon zanmi oswa manm fanmi avè w ki gen aksè a yon aparèy ak Wi-Fi.

Ou dwe genyen tou yon adrès imèl oswa yon telefon entelijan pou nou voye lyen envitasyon an pou ou rantre nan randevou yo.

Ou ta dwe gen kat idantifikasyon w, yon lis medikaman w ap pran, ak nenpòt dosye medikal ou genyen nan dènye sejou lopital ak/oswa randevou ak doktè ou yo.

Wi. Ou ka gen yon manm fanmi oswa moun kap bay swen avèk ou pandan randevou evalyasyon yo . Ou kapab tou nonmen manm fanmi sa a oswa moun k ap bay swen sa a oswa yon lòt moun ou fè konfyans kòm yon reprezantan otorize ki ka pran desizyon swen sante pou ou. Pou deziyen yon moun kòm reprezantan otorize ou, ou dwe ranpli Fòm Deziyasyon Reprezantan Otorize a .

Pwogram Evalyatè Endepandan New York la kapab bay sèvis entèpretasyon nan nenpòt lang, tankou lang siy, pandan randevou evalyasyon w la.  

Li enpòtan pou w enfòme Pwogram Evalyatè Endepandan New York la si w bezwen sèvis entèprete oswa entèpretasyon lang siy lè w pran randevou pou evalyasyon w la.

Evalyasyon yo fèt chak ane, sof si ou gen yon chanjman sibit ak siyifikatif nan kondisyon medikal ou. Si ou enskri nan yon plan, ou dwe rele plan ou. Si w ap resevwa sèvis atravè Medicaid, ou dwe rele Depatman Sèvis Sosyal lokal ou a.

Apre evalyasyon ou

Apre evalyasyon w la, w ap resevwa yon lèt nan men Pwogram Evalyatè Endepandan New York la ak rezilta evalyasyon an. Diskite lèt sa a avèk yon manm fanmi oswa moun kap bay swen si w bezwen èd pou konprann rezilta evalyasyon an. Si w gen kesyon konsènan lèt la, rele Evalyatè Endepandan New York la nan 1-855-222-8350 (TTY: 1-888-329-1541).

Yon plan sèvis ki santre sou moun se yon plan ekri ke ou menm ak plan w lan oswa Depatman Sèvis Sosyal Lokal la te kreye, ki konsantre sou bezwen evalyasyon w lan idantifye ak sèvis ak sipò ki nesesè pou satisfè bezwen sa yo.

Si w pa dakò ak rezilta evalyasyon yo rapòte nan avi rezilta ou resevwa nan men Pwogram Evalyatè Endepandan New York la, ou gen dwa pou yon konferans ak yon odyans jis.

Yon konferans se yon reyinyon enfòmèl kote ou ka revize avi a avèk Pwogram Evalyatè Endepandan New York la epi montre enfòmasyon ou santi yo pa egzak. Si Pwogram Evalyatè Endepandan New York la dekouvri nan konferans lan ke yo te pran move desizyon an sou baz enfòmasyon ou te bay yo, y ap pran aksyon korektif epi voye yon nouvo avi ba ou.

Ou kapab mande yon odyans jis tou pou fè apèl kont aksyon avi ou te resevwa a. Odyans jis pèmèt ou prezante ka w la bay yon jij lwa administratif. W ap bezwen mande yon Odyans Jis nan 60 jou apre ou fin resevwa avi sou rezilta evalyasyon an. Ou kapab mande yon odyans jis pa telefòn, faks oswa pa lapòs. Ou kapab mande kopi dokiman ki nan dosye ka w la pou prepare w pou yon Odyans Jis.

Chanjman oswa enpak sou sèvis swen yo

Si ou bezwen sèvis swen pèsonèl imedyat ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè epi ou pa gen Medicaid, kontakte Depatman Sèvis Sosyal lokal ou a pou jwenn èd.

Si ou bezwen sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè yo , rele Pwogram Evalyatè Endepandan New York la pou pran yon evalyasyon Yon fwa evalyasyon ou a fini, plan Swen Jere Medicaid ou a pral revize rezilta evalyasyon w lan epi pase sou pwochen etap yo.

Si w pa resevwa sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl dirije pa konsomatè kounye a, w ap bezwen kontakte Depatman Sèvis Sosyal lokal ou a oswa plan Swen Jere Medicaid ou pou mande èd pou pwograme yon evalyasyon touswit. Si w deja nan yon plan Swen Jere Medicaid,  ou ta dwe kontakte plan lan. Si w pa enskri nan yon plan sante, kontakte Depatman Sèvis Sosyal Lokal ou a. Yo pral rele NYIAP avèk ou sou liy lan pou programe yon evalyasyon

Si w ap resevwa sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè kounye a atravè Depatman Sèvis Sosyal lokal ou oswa plan sante Medicaid ou a epi ou bezwen plis èdtan, ou dwe kontakte yo pou programe yon evalyasyon ankò.