Konsenan pwogram nan

 

Pwogram Evalyatè Endepandan New York la se pou manm Medicaid New York k ap chèche sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pou konsomatè yo, oswa enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere.

Kijan Pwogram Evalyatè Endepandan New York la ede?

Pwogram  Evalyatè Endepandan New York la evalye manm Medicaid New York yo pou detèmine si yo ranpli kondisyon pou mande sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè. Evalyasyon an ede nou konprann kijan bezwen swen yon moun afekte lavi chak jou li. Evalyasyon an ede detèmine tou si yo ranpli kondisyon pou mande pou enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere.

Ki moun Pwogram Evalyatè Endepandan New York la ka ede?

Pwogram  Evalyatè Endepandan New York la ede New Yorkers ki gen 18 lane oswa plis ki gen Medicaid, oswa toulede Medicaid ak Medicare, konnen si yo elijib pou resevwa sèvis swen pèsonèl ak/oswa sèvis asistans pèsonèl ki dirije pa konsomatè a, oubyen si yo ka mande pou enskri nan yon plan Swen Alontèm Jere

Èske gen nenpòt depans pou yon evalyasyon?

Pa gen okenn depans pou moun nan resevwa yon evalyasyon.